Voye'm Anlè [Kanaval 2017]-Kreyol La

Genre-Kanaval
Year-2017
Featuring-G-Dolph
Good man kou bad man tout moun mache avè n la
Good gya a bad gyal yo tout kanpe dèyè n la
Nou viv a lari a se sak fè nou jwenn respè a
Nou kwè nan linyon fè menm fon w sèl pou n travay tè a

Nou viv - pou lari a
Nou mache – a lari a
Nou panse pou n fè lari a vanse
Nou pale – pou lari a
Paske nou kwè - nan lari a
Ann fè on jan pou n fè Ayiti reviv

Nou batay pou lari a
Nou travay pou lari a
Nou met plezi nan lari a
Tout sa n fè se pou lari a
Chak jou n ap refè again and again se pou lari a

San pay san high m ap fly
Kreyol La mete m sou koulè m nòmal
Pa bezwen zèl - pou vole,
pa bezwen van - pou vole
ouvè men w, tire pye w

vire vire vire kò w nan bann nan tankou on avyon
vire nan bann nan tankou on avyon

apach yo dekole nou pa bezwen zèl – pou w vole
pa bezwen van – pou w vole
ouvè men w tire pye w

esa papa
tout moun konnen m pa nan tripotay
tout moun konnen m pa nan bouyi zen
si se pou sa m tande la, pou sa m tande la
nan kanaval Kreyol La fè moun voye

si w gen mayo nan men w – voye l
kaskèt nan men w – voye l
chemizèt nan men w – voye l
ou gen on chacha nan men w – voye l

voye l
kaskèt – voye l
mayo– voye l
chacha – voye l
mouchwa – voye l
voye, voye
sekosa

voye m anlè – ayayay
woy voye m anlè – si w pa anlè w a ret atè
voye m anlè – si w anlè men anlè
an nou refèl ankò

g-dolph on the beat

woy si pandan w nan bann nan ou ta pèdi telefòn ou
pa fè kòlè on ti blòdè leve w
si pandan w ta nan bann nan ou santi de dwèt nan pòch ou manman
pa fè kòlè on ti blòdè leve w

pito w ri – tout moun parèt sispèk
pito w ri – ou pap janm konn kiyès
rilax, rilax – leve de men w anlè
calma, calma, calma – leve w de men w anlè

leve men veye pòch – leve

si ou ta nan bann nan ou santi yo tate w
pa fè kòlè on ti blòdè leve w
si pandan wap vibe ou santi de dwèt nan pòch ou blòdè
pa fè kòlè on ti blòdè leve w

pito w ri – tout moun parèt sispèk
pito w ri – ou pap janm konn kiyès
poze, poze – leve de men w anlè
tèt glas, tèt glas, tèt glas – leve w de men w anlè

di yon mo senyè di yon mo pou yo
woy pouki se frè n yo
woy pouki se sè n yo
ki leve kite Ayiti pou y al Chile

On Blòde dwe w – ou pa wè l
W al lopital – ou pa wè l
Nan gadavou – li lage pou Chile

Ou vas-tu, ou vas-tu – je pars
Tcheke Anya m pa wè Anya manman
Lè m mande pou li kote l ale – Chile
Tcheke blòdè yo, mwen pa wè blòdè yo
Lè m mande pou yo kote y ale – Chile
Machann bigul – y al chile
Machann mabi – y al chile
Poblèm achèt
Everything somebody – y al Chile

Woy mande pou Michael, m pa wè Michael manman
Mande pou li kote l ale – Chile
Woy li bat lolo – l al Chile
kase kou chacha – l al Chile
met ti kle nan menn – l al Chile
met dife nan djaz – l al Chile
woy li lage pou Chile

vwazen lage cha a
i’m gonna miss you

Kreyòl La pran sou yo – ay ay ay ay
Kreyòl La pran sou yo – Ni na nanay eya naye
Kreyòl La pran sou yo

Li lage pou Chile
San pay san high m ap fly
Kreyol La mete m sou koulè m nòmal
Pa bezwen zèl - pou vole,
pa bezwen van - pou vole
ouvè men w, tire pye w

vire vire vire kò w nan bann nan tankou on avyon
vire nan bann nan tankou on avyon

tout moun konnen m pa nan tripotay
tout moun konnen m pa nan bouyi zen
si se pou sa m tande la, pou sa m tande la
nan kanaval Kreyol La fè moun voye

si w gen mayo nan men w – voye l
kaskèt nan men w – voye l
chemizèt nan men w – voye l
ou gen on chacha nan men w – voye l

voye l
kaskèt – voye l
mayo– voye l
chacha – voye l
mouchwa – voye l
voye, voye